Chapo ba Pou Marechal Mimi ak Tijan
....Sa ki enteresan ankò nan liv la, se kokennchenn travay otè a fè nan ekriti lang kreyòl la. Li pa fasil pou jwenn yon liv kreyòl kote otè a fè yon efò konsyan pou respekte òtògraf, gramè ak estrikti lang nan menm jan li ta fè si li te ap ekri an franse oswa ann angle. Yon lòt bagay ki atire atansyon nou, se absans total itilizasyon fòm kout mo kreyòl yo nan liv sila a. Ta sanble se premye liv kreyòl ki ap soti sou fòm sa a. Se lè va genyen yon etid sistematik ki fèt sou aspè sa a nan koze sistèm òtografik kreyòl la, nou a kapab evalye enpòtans inovasyon sa a ki fèt nan liv la. Nou kwè nan moman an kote genyen yon karans materyèl pou anseye epi aprann kreyòl, tout liv ki byen ekri tankou Chapo ba se yon zouti pedagojik potansyèl li ye. Kit se aprann ou ap aprann kreyòl, kit se pou plezi fè lekti yon istwa enteresan, nou ap ankouraje tout moun li Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan.
Frenand Léger
Lengwis
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen
“Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan” se premye woman François Nau ekri. Se temwanyaj rekonnesans li genyen pou manman li. Men tou, yon espwa pou tout manman, papa ak pitit ki kwè nan ledikasyon pou yo pa janm dekouraje menm nan moman ki pi difisil yo. Nan“Chapo ba pou Marechal Mimi ak ti Jan”, Nau rakonte tout traka manman l kontre pou te fè levasyon l ansanm ak tout ti frè ak sè l yo.Soti lwen, mennen pre; yo rive jwenn plas yo nan lasosyete. Tankou pwovèb kreyòl la di: “Lè w wè l fè pi nwa, konnen se lè sa li pral fè jou.”
Nou envite w vin dekouvri bèl istwa sa a nan: «Chapo ba pou MARECHAL MIMI ak ti Jan».
Editè: Jacques Pierre
Lecturer in Haitian Creole and Creole Studies
Co-Director of Haiti Lab, Duke University